Archives and Public Memory in Haiti and the Diaspora
Archives et Mémoire collective en Haïti et dans la diapora Haïtienne
Achiv ak Memwa Kolektif an Ayiti epi nan Dyaspora Ayisyen

Collection of Michele D. Pierre-Louis, Painting by Jonas Profil, 2017
Title : Lè w li, Konesans fè w monte nan syèl. Reading and knowledge rise you (?)
Photo by Yvens Rumbold
Archives and Public Memory in Haiti and the Haitian Diaspora
Click here to sign up for this working group
The Archives and Public Memory working group seeks to serve as a generative, collaborative space that will provide practical resources for archivists, library workers, and cultural heritage workers of all kinds (whether institutionally-based or community-based), academic researchers, policymakers, grassroots organizers, journalists, and others. Our primary goal is to enable people in Haiti and the diaspora to be aware of and access existing archives, and to provide knowledge and resources to preserve, store, and catalogue archival collections.
This Working Group will address the challenges to archival access in Haiti (including language, technological barriers, and social hierarchies), and strategies to overcome those barriers. In addition to the core group of Working Group members, we will open up our sessions to all interested attendees from Haiti and the diaspora.
We anticipate that participants will gain: 1) increased familiarity of existing archival resources and collections and how they can be used in their scholarly, advocacy, artistic, or journalistic work; 2) concrete skills for best practices for digital and physical archiving under challenging or low-resource conditions; 3) connections with other people and institutions working on similar or complementary projects; 4) knowledge of available funding sources and how to apply for them. After working with participants to determine what kinds of tools, training, and support they need, we will collaborate with existing institutions to provide trainings tailored to the needs and realities of institutions in Haiti and in the diaspora.
In addition to possible scholarly publications, the Archives and Public Memory Working Group will produce a trilingual (English, Kreyòl, French) white paper or how-to guide of concrete recommendations and best practices for institutions doing archival preservation and providing access in low-resource settings in general, and in Haiti specifically. We will also compile and maintain a detailed resource list of archives of Haiti (both within Haiti and abroad), which will include topics, contents, format, and contact information. Both the white paper and the resource list will be publicly available.
Archives et Mémoire collective en Haïti et dans la diapora Haïtienne
Cliquez ici pour vous inscrire à ce groupe de travail
Le groupe de travail des Archives et de la mémoire collective a pour volonté de créer un espace collaboratif et créateur qui produira des ressources pratiques pour les archivistes, bibliothecaires et/ou professionels de l’information, et professionnels de collection patrimoniale (institutionnel ou associatif), chercheurs universitaires, créateur de politiques culturelles, membre d’organisations de base, journalistes et autres. Notre objectif premier est de permettre aux personnes en Haïti et dans la diaspora d’être informés et d’avoir accès à ces archives et de transmettre les connaissances et ressources pour préserver, conserver et cataloguer les collections d’archives.
Ce groupe de travail va présenter les défis de l’accès aux archives en Haïti (obstacles liés à la langue, à la technologie et aux hiérarchies sociales) et les stratégies pouvant permettre de répondre à ces défis. Ce groupe de travail ouvrira ses sessions à tous les participants intéressés d’Haïti et de la diaspora.
Nous prévoyons que les participants gagneront : 1) une familiarité accrue des ressources et collections d’archives existantes et leur utilisation dans le cadre de travaux de recherche, de plaidoyer, artistique ou journalistique.; 2) des habiletés concrètes tirées des meilleures pratiques pour l’archivage physique et numérique dans des conditions difficiles ou précaires; 3) des connections avec d’autres personnes et institutions travaillant dans des projets similaires ou complémentaires; 4) une connaissance des sources de financement existantes et le processus d’application. Après avoir travaillé avec les participants afin de connaitre le type d’outils, de formation et de support nécessaire, nous collaborerons avec des institutions existantes pour fournir des formations adaptées aux besoins et réalités des institutions haïtiennes ainsi que celles de la diaspora.
En plus de publications académiques, le groupe des Archives et de la mémoire collective produira un livre blanc trilingue (Anglais, français, créole) ou un guide de recommandations et de meilleures pratiques pour les institutions faisant de la préservation d’archives ; pour la promotion de l’accès dans des environnements à faibles ressources électroniques en général et en Haiti en particulier. Nous allons aussi compiler et maintenir un répertoire de collections d’archives sur Haiti (en Haiti et à l’étranger), incluant des thématiques, le contenu, le format et les informations de contact. Le livre blanc et le répertoire seront disponibles au public.
Achiv ak Memwa Kolektif an Ayiti epi nan Dyaspora Ayisyen
Klike isi pou enskri nan gwoup travay sa a
Gwoup Travay Achiv ak Memwa Kolektif pral sèvi kòm yon espas pou nou bwase lide epi fè yon tèt ansanm. Nou pral founi resous pratik pou achivis, bibliyotekè ak pwofesyonèl enfòmasyon, epi moun k ap travay nan domèn patrimwàn kiltirèl (kit se nan enstitisyon, kit se nan kominote), ansanm avèk chèchè inivèsitè, moun ki travay sou politik kiltirèl, manm òganizasyon de baz, jounalis, epi lòt moun. Objektif fondalnatal nou se 1) pèmèt moun an Ayiti ak nan dyaspora vin pi okouran epi gen aksè a achiv ki deja egziste, epi 2) simen konesans ak resous ki ka pèmèt moun prezève, konsève, epi klase pwòp achiv pa yo.
Gwoup travay sa a pral reponn a defi ki anpeche moun gen aksè a achiv an Ayiti (baryè onivo lang, teknoloji, oubyen yerachi sosyal), epi taktik pou donte defi sila yo. Tout sesyon gwoup travay la pral louvri pou tout moun ki enterese, swa an Ayiti swa nan dyaspora, gen dwa asiste.
Nou prevwa patisipan yo pral jwenn: 1) Konesans sou ki resous ak achiv ki egziste deja, epi koman pou yo itilize yo nan travay akademisyen, defansè, atis, oubyen jounalis; 2) Teknik konkrè pou moun ka fè travay achivis fizik ak nimerik pi byen nan kondisyon difisil kote pa gen anpil mwayen; 3) Koneksyon pou moun ka pote kole avèk lòt moun ak enstitisyon k ap travay sou lòt pwojè ki sanblab osinon konplemantè; 4) Enfòmasyon sou sous finansman epi koman pou aplike pou yo. Aprè nou fin travay ansanm avèk patisipan yo pou detèrmine ki kalite zouti, fòmasyon, ak soutyen yo bezwen, nou pral mete men avèk lòt enstitisyon pou bay patisipan yo fòmasyon ki adapte pou koresponn a bezwen ak reyalite enstitisyon an Ayiti epi sa ki nan dyaspora.
Anplis piblikasyon akademik nou gendwa sòti, Gwoup Travay Achiv ak Memwa Kolektif la pral kreye yon gid trilèng (kreyòl, fransè, anglè) k ap bay rekòmandasyon konkrè epi pi bon pratik pou enstitisyon k ap eseye prezève achiv epi bay aksè nan reyalite Ayiti a. Aprè sa, nou pral ranmase epi kenbe yon lis achiv ayisyen (swa an Ayiti, swa lòt bò dlo), k ap gen ladan li sijè, kontni, fòma, epi enfòmasyon kontak. Ni gid la ni lis la pral disponib pou tout piblik la.