32nd Annual Conference Call for Papers (Creole)
Nou La Pi Rèd! Annou Bay fòm nouvo pratik-teyori jarèt
8-10 oktòb, 2020
The American University
Wachintonn
Voye pwopozisyon ou kounye a !
Ann Ayiti epi toupatou sou latè, tout pèp ap manifeste kont pwojè lanmò neyoliberal la, koripsyon nan Leta, tandans otoritaris, ak represyon brital. Se moman sa yo ki oblije chèchè ak pwofesyonèl fè plis bagay ke sèlman pase pale oubyen ekri met la. Nou santi obligasyon pou n rasanble pou panse nan yon fason kritik epi kreyatif sou kijan teyori ak pratik makonnen epi kijan pou enspire yon chanjman reyèl.
32yèm kòlòk anyèl Asosyasyon Etid Ayisyen (H.S.A. nan sig angle a) nan Wachintonn nan se yon apèl pou plis konsantrasyon sou “praksis” nan langaj Maksis/Gramsci la (teyori/aksyon) antanke moun kap etidye Ayiti, epi pou egzamine fason nou travay anndan epi kont diskou trans-nasyonal yo, estrikti ekonomik yo, pratik sou zafè rasyal, epi politik piblik yo. Nan sèvi ak pèspektiv pwofesyonèl, disiplinè ak entè-disiplinè yo, nou mande: Kisa yon rechèch ki ap transfòme kondisyon yo tout bon vre ye? Kijan pou nou bay priyorite pou pèspektif ki istorikman majinalize, pou n trase yon imaj pi konplè de listwa Ayiti epi posibilite pou lavni li?
Medya entènasyonal yo souvan montre Ayiti tankou yon peyi ki toujou an kriz soti depi revolisyon kont esklavaj pou lendepandans ak fondasyon Repiblik Ayiti an 1804 rive jodi a. Fòm reprezantasyon sa yo sou istwa nasyonal peyi a fè de bagay an menm tan. Yo pa fè limyè sou rasin transnasyonal ak koneksyon mondyal kriz la. Epitou yo kache kijan Ayisyèn/Ayisyen yo pèsiste nan batay vanyan pou libète yo epi souverennte yo. Malgre Revolisyon Ayisyen an – ki te yon zak “inimajinab” nan mo Michel-Rolph Trouillot – evènman sa a te menase rasin sipremesi blan an (sistèm rasis la) kote repons entènasyonal yo te lakòz yon seri move konsekans kont nouvo nasyon an. Anfas kritik “oksidantal” yo nou tante mete limyè sou pwoblèm reyèl nan peyi a epi kanpe an solidarite avèk Ayiti. Men nou la!
Kòlòk 2020 H.S.A. a se yon opòtinite pou konvèsasyon yo ki travèse ONG kap fè pledwari, moun kap ekri politik, epi enstitisyon entènasyonal ki pral benefisye basen/sitèn konesans entè-disiplinè H.S.A. te ranpli pou plis pase 30 lane. An menm tan chèchè sou Ayiti pral jwenn opòtinite pou aprann sou pwosesis pledwari, medya, politik piblik, epi aksyon nan men pwofesyonèl yo. Nou envite pwopozisyon pou papye, panèl, fòmasyon, tab won ak pèfòmans yo ki – nan yon mannyè dirèk – entèwoje, korije epi kreye nouvo diskou ak pratik ki ap trase yon nouvo liy, swiv yon lòt direksyon anvè Ayiti. Nap bay priyorite pou pwopozisyon ki demontre yon sansibilizasyon ak konesans ki konprann wòl ak pozisyon nou menm kòm imanis, atis, syantis, ak pwofesyonnèl yo epi ki montre yon apresyasyon de yerachi sosyal ki oryante tip travay nap angaje yo. Pi espesifikman, nap ankouraje prezantasyon ki ap enspire yon refleksyon sou plizyè idantite nou yo ki kole ak kontèks varye; ki travèse lang yo; epi estati legal ak travay nou yo.
Pwopozisyon pou papye, panèl, fòmasyon, tab wonn, pèfòmans, ak enstalasyon dwe rive 15 avril 1 me pou pi ta.
SA KI NOUVO ANE SA! SESYON TRAVAY YO
Anplis plenye ak sesyon miltip yo, kòlòk H.S.A. 2020 pral bay espas pou anviwon 8 Atelye Travay yo (Working Sessions). Nap solisite kowòdonatè yo ki gen pwopozisyon ki travay avèk epi elaji tèm kòlòk yo anvè apwòch pratik, metodolojik, ak teyorik ki reflete avans Etid Ayisyen ap fè nan 21yèm syèk la.
Tanpri wè plis enfòmasyon epi gid pou Sesyon Travay yo pou KLIKE LA
PLENYE YO :
Lane denye nou te solisite pwopozisyon pou panèl an plenye ki ta dwe fèt ak 3 prezantasyon de 15 minit. Nou ap ankouraje refleksyon miltidisiplinè sou tèm konferans la ki enkli prezantatè ki baze ann Ayiti, ak lòt sektè HSA ki konn nòmalman majinalize. Si nou aksepte plenye ou, w ap dakò pou ou voye 3 papye 15 minit yo bay HSA avan 10 sektanm pou yo ka gen tan tradui nan lòt lang, e pou prezantasyon vizyèl yo ka nan yon lang diferan de prezantasyon oral la.
Pwopozisyon pou plenye yo dwe rive 15 mas pou pi ta
Pwopozisyon pou plenye ki pa aksepte ap otomatikman vin sou lis pwopozisyon regilye ki gen dat limit 15 avril 1 me, epi li pa nesèsè pou re-soumèt li.
Gid Règleman Pou Patisipasyon nan Kongrè a
Kondisyon jeneral pou soumèt tèks
- Idantifikasyon : Pou panèl, tab wonn, prezantasyon pou kont ou, videyo, ekspozisyon, espektak tanpri voye idantifikasyon pou chak patisipan : non, enstitisyon, adrès imèl.
- Rezime : Si se yon sèl moun k ap prezante, rezime a dwe gen apeprè 250 mo ; pou yon gwoup se 500 mo.
-
- Tit
- Rezònman, bi ak objektif
- metodoloji, konklizyon ak/ou kesyon ki soulve
Adrès Kontak
Kèlke swa pwopozisyon w fè a, li esansyèl pou ou bay kontak adrès oswa kowòdone tout moun ke non yo nan pwopozisyon an. Idantifye kontak pou yon moun ki pou avize si pwopozisyon an aksepte ou byen si yo rejte l pou kongrè 2020 lan. Se sèlman moun w endike ki moun kontak referans lan n ap kontakte.
Tip prezantasyon
An jeneral gen 4 tip prezantasyon:
- Papye endividi (ki gen dwa gen youn oubyen plizye ote). Pwopozisyon endividi sa yo pral regwoupe avèk lòt pwopozisyon avèk yon tèm simile pou yo vin yon panèl. Chak prezantasyon se 15 minit.
- Panèl, tab wonn, oubyen fòmasyon. Se yon gwoup prezantatè yo ki ta renmen prezante nan yon sije yo chwazi. Pwopozisyon an gwoup gen yon tan de 75 minit.
- Prezantasyon videyo. Parapò ak tip ak tan, dokimantè yo pral kole ansanm avèk lòt prezantasyon oubyen jwenn yon panèl poukont li. Sonje chak sesyon an se 75 minit. Si travay w depase 75 minit, mete nou okouran davans pou n ka wè si nou kap akòde ou espas.
- Enstalasyon. Parapò ak kontni pwopozisyon an, H.S.A. pral bay prezantasyon yo tan ak espas pou montre travay la oubyen pèfòmans la.
Si w fè pwopozisyon yon sesyon, fò w bay tit chak kominikasyon. Lèfini, yon sesyon pa dwe gen plis pase 3 kominikasyon epi fò w di kilès k ap prezidan/animatè sesyon an.
Pwopozisyon tab wonn yo pa dwe gen plis pase 4 patisipan ak yon animatè. Sa pa papye, men yon diskisyon ouvè epi dinamik. Olye tit prezantasyon yo, pwopozisyon pou tab wonn yo ta dwe gen yon seri kesyon pou anime deba a.
Fòmasyon yo ta dwe sible yon seri kapasite patisipan yo pral aprann epi gen yon orè detaye pou tout aktivite yo.
Limit sou patisipasyon
HSA fè sa l kapab pou pi plis entèvenan posib patisipe nan kongrè a. Se sa ki fè yon patisipan pa ka bay plis pase yon kominikasyon. Men tou, yon entèvenan ka ranpli 2 fonksyon tankou fè yon kominikasyon epi prezide yon seyans ou byen fè yon kominikasyon epi patisipe nan yon tab wonn.
Ekzaminasyon ak seleksyon pwopozisyon yo
Omwen 2 ekzaminatè ap ekzamine pwopozisyon yo san yo pa wè non moun ki voye l la. Y ap evalye pwopozisyon yo sou baz kalite yo ak kontribisyon yo pote pou tèm konferans lan. Fòk non w ak lòt enfòmasyon ki kap idantifye w efase. Sinon, pwopozisyon sa a pap evalye; li pral rejte otomatikman.
Anons desizyon an
Y ap anonse desizyon pou swa aksepte ou byen rejte kominikasyon/sesyon an pou pita nan dat 1 jiyè.
Enskripsyon
Chak patisipan dwe enskri epi peye dwa enskripsyon li yon mwa anvan dat kongrè a. Enskripsyon ap komanse nan mwa jiyè. Fòk ou manm H.S.A. pou patisipe nan kongrè a. Si w poko manm, nou ankouraje ou enskri pou vin manm nan asosyasyon an lè ou fin voye pwopozisyon w lan. Dat limit pou enskripsyon se 15 out pou patisipe nan kòlòk la; sinon non prezantasyon w ap efase nan pwogram nan.
Piblikasyon Tèks yo nan Journal of Haitian Studies
Nou ankouraje moun k ap fè kominikasyon nan Kongrè a voye tèks yo nan Journal of Haitian Studies (JOHS). Atik yo dwe konfòme yo ak direktiv JOHS yo epi y ap ekzamine yo kòm sa dwa. Se sèl tèks orijinal ki poko janm pibliye lòt kote y ap pran an konsiderasyon. Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte Claudine Michel pa imel: claudine.michel@ucsb.edu
Lang ofisyèl
Lang ofisyèl konferans lan se : kreyòl, franse, angle. Ou ka prezante kominikasyon epi ekri tèks nan youn nan 3 lang ofisyèl sa yo. P ap gen sèvis tradiksyon pandan yon kominikasyon ap fèt.
Voye Pwopozisyon Prezantasyon
Tanpri suiv longè tèks sa yo lè ou ap voye pwopozisyon ou : 250 mo pou yon sèl moun, 500 mo pou yon panèl oubyen tab wonn. Si ou pral soumèt pou yon panèl oubyen tab wonn, fòk tout non, adrès imèl, enstitisyon chak moun, ak rezime prezantasyon chak moun parèt sou fòm nan.
Voye pwopozisyon ou kounye a !
Si ou gen kesyon sou pwosesis soumisyon pwopozisyon an, tanpri ekri nou.