Haitian Studies Association

Past Conferences

30èm Konferans Anyèl – Apèl Pou Prezantasyon

Asosyasyon Etid Ayisyen nan Kalfou:

Entegrasyon Domèn Relijyon, Teknoloji, Atistik ak Syans Sosyal, Imèn, Natirèl

8-10 Novanm 2018

Port-au-Prince, Haiti

Nan lane 1987, yon ti gwoup moun te reyini nan Boston pou yo te kreye Asosyasyon Etid Ayisyen, pou yo te ka ankouraje pataj pami tout sa ki t ap fè rechèch sou Ayiti nan diferan domèn. Depi lè sa a nou reyini chak ane pou devlope ak pouse pi devan nan Etid Ayisyen.  Konferans 2018 la pral make 30èm anivèsè nou. Nou pral rasanble ankò apre 30 ane pou selebre reyisit nou, brase konesans nou an konbit sou Ayiti, reflechi sou diferan kalite travay ki rantre nan vizyon miltip nou sou domèn nan, epi tou pou nou egzaminen ansanm tatik ak estrateji ki pou ede nou agrandi Etid Ayisyen ansanm ak trase chemen nou ta vle pran a lavni.

Se pou rezon sa, Asosyasyon Etid Ayisyien a mande presantasyon ki angaje nan tèm 30èm anivèsè nou:  Rasanblaj!  Nan 29èm konferans anyèl nou an nan Nouvèl Oleyan, antwopològ Gina Athena Ulysse te chwazi mo “RASANBLAJ” pou li te reflechi tout kalite fason save ki fè rechèch sou Ayiti ka egzaminen zak regroupman, rasanbleman, kopilasyon antanke pwojè, metòd ak pratik ki patiklye nan Etid Ayisyen ak nan travay ekspresif atistik ayisyen.  Pou mete lide RASANBLAJ la an pratik li posib pou nou avanse ak yon chapant teworik ki enfòme yon asanm materyèl, kiltirèl, relijye, atististik, sichik, teknolojik, ak yon rasanbleman vityèl nan kominote ayisyen nan peyi d Ayiti ak nan lemonn antye.

Konferans 2018 la ap solisite prezantasyon sou rechèch sou konesans sou Aytii, e sou travay kreyasyon ak inovasyon ki fè domèn etid ayisyen an avanse gras ak nouvo mòd prodiksyon ak ranmasaj done nan domèn syans, travay atistik, syans imèn.  Nou ta vle resevwa pwopozisyon pou papye endividyèl, panèl, ekspozisyon, pèfòmans, pwodui fini, ki reprezante dimansyon politik, ekonomik, kiltirèl, atistik, edikatif, istorik, anviwònmantal, literè, syantifik nan domèm etid ayisyen.  Nou gen yon enterè espesyal pou papye, prezantasyon, reprezantasyon ki rantre nan lide RASANBLAJ la yon fason ki elaji orizon Etid Ayisyen e ki eksplore nouvo posibilite nan domèn nan.  Kesyon ak sijè ki enterese konferans la se:

  • “RASANBLAJ” nan relasyon ant Ayiti ak dyaspora li nan tan nimerik sa a; nan lavi imajinè Ayiti nan monn global sid la, nan monn global jodi a; nan lang Kreyòl la ak divèsite lengwistik ak kwazman li ak lòt kilti; nan pedagoji otantik nan edikasyon avèk wòl lang ak teknoloji nan jan moun ap atrap ak gaye konesans.
  • REGWOUPMAN nan esans miltidisiplinè Etid Ayisyen ak chemen lavni li, patikilyèman nan sous definisyon travay la, nan pratik kolaborativ, rechèch nan achiv ak ramasaj done ki pwodui ak gaye konesans, epitou nan pwoblèm ras, klas, pratik ak idantite seksyèl, nan kreyasyon atistik ak militan.
  • Rasanbleman ak konpilasyon nan konstriksyon nouvo reyalite, rakontaj, mòd konsyans kolektif nan kontèks dyaspora, atravè nasyon, nan kontèks global; nan mouvman sosyal, zak rezistans kolektif, ak lòt kalite òganizay politik an n Ayiti; nan relijyon, Vodou, kongregasyon piblik ak prive; nan planifikasyon vil yo ak espas dinamik ki ankouraje lavi sivik sitwayen yo.

Gid Règleman Pou Patisipasyon nan Kongrè a

Kondisyon jeneral pou soumèt tèks

  1. Idantifikasyon : Pou panèl, tab wonn, prezantasyon pou kont ou, videyo, ekspozisyon, espektak tanpri voye idantifikasyon pou chak patisipan : non, enstitisyon, adrès imèl.
  2. Rezime : Se se yon sèl moun k ap prezante, rezime a dwe gen apeprè 250 mo ; pou yon gwoup se 500 mo.
  • Tit
  • Rezònman, bi ak objektif
  • metodoloji, konklizyon ak/ou kesyon ki soulve

Si w fè pwopozisyon yon sesyon, fò w bay tit chak kominikasyon. Lèfini, yon sesyon pa dwe gen plis pase 3 kominikasyon epi fò w di kilès k ap prezidan/animatè. Pwopozisyon tab wonn yo pa dwe gen plis pase 4 patisipan ak yon animatè.

Adrès Kontak

Kèlke swa pwopozisyon w fè a, li esansyèl pou ou bay kontak adrès oswa kowòdone tout moun yo site non yo nan pwopozisyon an. Idantifye kontak pou yon moun ki pou avize si pwopozisyon an aksepte ou byen si yo rejte l pou kongrè 2018 lan. Se sèlman moun w endike ki moun kontak referans lan n ap kontakte.

Limit sou patisipasyon

AEA fè sa l kapab pou pi plis entèvenan posib patisipe nan kongrè a. Se sa ki fè yon patisipan pa ka bay plis pase yon kominikasyon. Men tou, yon entèvenan ka ranpli 2 fonksyon tankou fè yon kominikasyon epi prezide yon seyans ou byen fè yon kominikasyon epi patisipe nan yon tab wonn.

Enskripsyon

Chak patisipan dwe enskri epi peye dwa enskripsyon li yon mwa  anvan dat kongrè a. Enskripsyon ap komanse nan mwa  jiyè 2018. Fòk ou manm AEA pou patisipe nan kongrè a. Si w poko manm, nou ankouraje enskri pou vin manm nan asosyasyon an lè ou fin voye pwopozisyon w lan.

Ekzaminasyon ak seleksyon pwopozisyon yo

Omwen 2 ekzaminatè ap ekzamine pwopozisyon yo san yo pa wè non moun ki voye l la. Y ap evalye pwopozisyon yo sou baz kalite yo ak kontribisyon yo pote pou tèm konferans lan.

Anons desizyon an

Y ap anonse desizyon pou swa aksepte ou byen rejete kominikasyon/sesyon an pou pita nan dat 15 jiyè 2018.

Piblikasyon Tèks yo nan Journal of Haitian Studies

Nou ankouraje moun k ap fè kominikasyon nan Kongrè a voye tèks yo nan Journal of Haitian Studies (JOHS). Atik yo dwe konfòme yo ak direktiv JOHS yo epi y ap ekzamine yo kòm sa dwa. Se sèl tèks orijinal ki poko janm pibliye lòt kote y ap pran an konsiderasyon. Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte Claudine Michel nan (805) 893- 3914 oubyen pa imel: Michel@blackstudies.ucsb.edu

Lang ofisyèl

Lang ofisyèl yo nan konferans lan se : kreyòl, franse, angle. Ou ka prezante kominikasyon epi ekri tèks nan youn nan 3 lang ofisyèl sa yo. P ap gen sèvis tradiksyon pandan yon kominikasyon ap fèt.

Voye Pwopozisyon Prezantasyon

Tanpri suiv longè tèks sa yo lè ou ap voye pwopozisyon ou : 250 mo pou yon sèl moun, 500 pou panèl oubyen tab wonn. Si ou pral soumèt pou yon panèl oubyen tab wonn, fòk tout non, adrès imèl, enstitisyon chak moun, ak rezime prezantasyon chak moun parèt sou fòm nan.

Voye pwopozisyon ou kounye a !

Si ou gen kesyon sou pwosesis soumisyon pwopozisyon an, tanpri voye ekri nou.