29th Annual Conference Call for Papers
Apèl Pou Prezantasyon Rechèch
Asosyasyon Etid Ayisyen
29èm Konferans Anyèl
AYITI: PARADOKS, KONTRADIKSYON,
KWAZMAN NAN NESANS AK KWASANS YON PÈP
Xavier University of Louisiana
Tulane University Roger Thayer Stone Center for Latin American Studies
Nouvèl Oleyan, Lwizyàn
Soti 1 pou rive 4 Novanm 2017
Depi nan fondalnatal Ayiti antan ke nasyon souvren, nan nesans li ak kwasans pèp li ak kilti li, peyi a t ap suiv yon chemen konplike. Depi nesans nasyon an, gen plizyè sistèm kòmandman, klasman, toupizman ki vin donnen inegalite nan lòd sosyal pou tout sitwayen ayisyen yo. Sosyete a kontinye ap pale sou egalite ak fratènite alòske sitwayen li yo pa gen menm dwa tout bon vre akòz diferans sosyal, rasyal, koulè po, e sitou diferans ant dwa fanm ak dwa gason. Definisyon ki tabli pou kreye diferans vin fè tout Ayisyen pa gen menm dwa pou yo patisipe nan evolisyon yon nasyon ki pa yo tout bon.
Nan tan lakoloni pouvwa ak privilèj te rive jwenn moun dapre relasyon politik, sosyal, ak ekonomik. Revolisyon endepandans Ayiti a pa rive abouti sou yon transfòmasyon relasyon inegal sa yo. Okontrè, “régime agraire” sou Tousen Louvèti, ak “code rural” sou Jan Pyè Bwaye te repwodui menm chema eksplwatasyon ak eksklizyon sosyete esklavajis la. Move mès sa yo te vin mete an pratik yon seri diferans nan dwa moun ki vin lakòz nou gen yon gwoup yo rele “moun andeyò”. Se menm “moun andeyò” sa yo nou vin jwenn kounye a ki pi gwo viktim katastwòf natirèl ki frape peyi a, epi ki tout tan ap kite peyi a an vrak. Jou va jou vyen, gen lòt kategori moun ki vin pote chay dosye “moun andeyò” sa yo, tankou fanm, pòv lavil, vodouyizan, ak masisi.
Asosyasyon Etid Ayisyen an pral gen 29èm Konferans Anyèl li nan Nouvèl Òleyan, Lwizyàn. Se yon kote ki pèmèt save yo etidye ki jan “kreyasyon yon pèp” ka devlope menm lè se pa yon pèp souvren ki kreye yon nasyon. Se konsa, Revolisyon Ayiti a ki te fèt pandan ane 1791 jiska 1804 la te fòse Lafrans vann teritwa Lwizyàn nan an 1803, epi te fòse anpil migrasyon esklav, mèt esklav, nèg lib ak milat lib soti nan yon koloni Lafrans, travèse nan lòt la. Deplasman pèp sa yo te vin kreye nouvo espas kote sa ki rive sot Ayiti yo vin entegre yon teritwa ameriken ki te li menm deja chaje ak inegalite ak eksklizyon sosyal.
Konferans la ap chèche reponn yon seri kesyon sou karakteristik, dinamik, ak blayisman pwoblèm sitwayènte a nan “kreyasyon pèp Ayisyen”. Nou ta vle:
- egzaminen, dekonstonbre, reflechi sou chapant lide ki egziste sou dwa moun;
- angage nou nan yon analiz kritik sou tout kalite sans mo “sitwayènte” a;
- reflechi sou kijan “dwa pou moun gen dwa” ap evolye paralèlman nan Nouvèl Òleyan
- kesyonen yon paradòks ki fè Nouvèl Òleyan sanble li pran devan nan pwojè ann Ayiti (ki li menm te premye sous lit pou libète a) pandan ke menm pwoblèm eksklizyon ak katastwòf anviwònman kontinye ap frape tou de teritwa sa yo (Siklòn Jeanne 2004, Siklòn Katrina 2005, Goudougoudou 2010, Siklòn Matthew 2016).
Pou fini, nou ta vle analize ki jan pwoblèm diferansyasyon, majinalizasyon, eksklizyon, ak lit pou enklizyon ap miltipliye nan “kominote moral lanasyon”. Nou ta renmen dekouvri ki jan sitwayen ki pa gen dwa egal ego jwenn mwayen pou yo leve tèt yo, reklame, egzèse, defini dwa yo malgre move kondisyon enjistis ki pèsiste nan chapant sosyal la.
Nou ta renmen resevwa rechèch moun save e ki egzaminen tèm sa yo nan domèn syans sosyal, syans natirèl, syans moun (kilti, relijyon, literati). Nou ta renmen resevwa de panèl ki tou pare epi n ap bay priyorite pou panèl ki adrese tèm la e ki travay tèm sa nan yon dyalòg ant plizyè domèn.
Panèl ak tab wonn yo dwe voye yon pwopozisyon ki pa gen plis pase 500 mo, ki bay lis chak papye endividyèlman ak non otè yo. Pou moun k ap voye pwopozisyon endividyèl, rezime pa yo pa dwe pi long pase 250 mo. Tout moun k ap prezante yo dwe enskri nan konferans la davans pou non yo ka parèt nan pwogram nan.
Dènye dat pou voye pwopozisyon prezantasyon yo se Premye Jen 2017.
Gid Règleman Pou Patisipasyon nan Kongrè a
Kondisyon jeneral pou soumèt tèks
1. Idantifikasyon : Pou panèl, tab wonn, prezantasyon pou kont ou, videyo, ekspozisyon, espektak tanpri voye idantifikasyon pou chak patisipan : non, enstitisyon, adrès imèl.
2. Rezime : Se se yon sèl moun k ap prezante, rezime a dwe gen apeprè 250 mo ; pou yon gwoup se 500 mo.
- Tit
- Rezònman, bi ak objektif
- metodoloji, konklizyon ak/ou kesyon ki soulve
Si w fè pwopozisyon yon sesyon, fò w bay tit chak kominikasyon. Lèfini, yon sesyon pa dwe gen plis pase 3 kominikasyon epi fò w di kilès k ap prezidan/animatè. Pwopozisyon tabwond yo pa dwe gen plis pase 4 patisipan ak yon animatè.
Adrès Kontak
Kèlkelanswa pwopozisyon w fè a, li esansyèl pou bay kontak adrès oswa kowòdone tout moun yo site non yo nan pwopozisyon an. Idantifye kontak pou yon moun ki pou avize si pwopozisyon an aksepte ou byen si yo rejte l pou kongrè 2017 lan. Se sèlman moun w endike ki moun kontak referans lan n ap kontakte.
Limit sou patisipasyon
AEA fè sa l kapab pou pi plis entèvenan posib patisipe nan kongrè a. Se sa ki fè yon patisipan pa ka bay plis pase yon kominikasyon. Men tou, yon entèvenan ka ranpli 2 fonksyon tankou fè yon kominikasyon epi prezide yon seyans ou byen fè yon kominikasyon epi patisipe nan yon tabwonn.
Enskripsyon
Chak patisipan dwe enskri epi peye dwa enskripsyon li 15 jou anvan dat kongrè a. Enskripsyon ap komanse nan mwad jiyè 2017. Fòk ou manm AEA pou patisipe nan kongrè a. Si w poko manm, nou ankouraje enskri pou vin manm nan asosyasyon an depi w fin voye pwopozisyon w lan.
Ekzaminasyon ak seleksyon pwopozisyon yo
Omwen 2 ekzaminatè ap ekzamine pwopozisyon yo san yo pa wè non moun ki voye l la. Y ap evalye pwopozisyon yo sou baz kalite yo ak kontribisyon yo pote pou tèm konferans lan.
Anons desizyon an
Y ap anonse desizyon pou swa aksepte ou byen rejete kominikasyon/sesyon an pou pita nan dat 15 jiyè 2017.
Piblikasyon Tèks yo nan Journal of Haitian Studies
Nou ankouraje moun kap fè kominikasyon nan Kongrè a voye tèks yo nan Journal of Haitian Studies (JOHS). Atik yo dwe konfòme yo ak direktiv JOHS yo epi y ap ekzamine yo komsadwa. Se sèl tèks orijinal ki poko janm pibliye lòt kote y ap pran an konsiderasyon. Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte Claudine Michel nan (805) 893- 3914 oubyen pa imel: Michel@blackstudies.ucsb.edu
Lang ofisyèl
Lang ofisyèl yo nan konferans lan se : kreyòl, franse, angle. Ou ka prezante kominikasyon epi ekri tèks nan youn nan 3 lang ofisyèl sa yo. P ap gen sèvis tradiksyon pandan yon kominikasyon ap fèt.
Voye Pwopozisyon Prezantasyon
Tanpri suiv longè tèks sa yo lè ou ap voye pwopozisyon ou : 250 mo pou yon sèl moun, 500 pou panèl oubyen tabwonn. Si ou pral soumèt pou yon panèl oubyen tabwonn, fòk tout non, adrès imèl, enstitisyon chak moun, ak rezime prezantasyon chak moun parèt sou fòm nan.
Voye pwopozisyon ou kounye a !
Si ou gen kesyon sou pwosesis soumisyon pwopozisyon an, tanpri voye ekri nou nan info@haitianstudies.org.
APPEL A COMMUNICATIONS
Association des Etudes Haïtiennes
29econférence annuelle
HAITI : PARADOXES, CONTRADICTIONS ET
INTERSECTIONS DANS LA CREATION D’UN PEUPLE
Xavier University of Louisiana
Tulane University Roger Thayer Stone Center for Latin American Studies
New Orleans, Louisiana
1er au 4 novembre 2017
La création de l’état souverain d’Haïti, ainsi que l’émergence et l’évolution de son peuple et de sa culture ont suivi un complexe parcours. Depuis la naissance de la nation haïtienne, les multiples hiérarchies et systèmes d’oppressions qui en sont associés et les pratiques d’exclusion ont engendré des inégalités structurelles. L’humanité proclame égalité et liberté, cependant, prévaut en réalité une distinctive citoyenneté composée de groupes sociaux, raciaux et hétérogènes, dans lesquels s’observent des disparités de genre, jouissant d’inégaux niveaux de droits de participation et d’appartenance.
Le contexte socio-politique et économique de St Domingue a favorisé, depuis la colonie, l’accession inégale au pouvoir et aux privilèges, et la Révolution haïtienne n’a pas radicalement transformé les relations disparates. Au contraire, le régime agraire de Toussaint Louverture et le Code rural de Boyer ont reproduit les modèles d’exploitation et d’exclusion de la société esclavagiste. Ces pratiques ont conduit à l’édification de la catégorie moun andeyò – la paysannerie, une classe de citoyens dont l’accès sévèrement limité au pouvoir et aux ressources les obligera à devenir les principaux acteurs des vagues de migration et les principales victimes des cataclysmes. Au fil du temps, le concept de moun andeyò a représenté d’autres catégories de gens comme les femmes, les urbains pauvres, les vodouisants et personnes de differentes identités sexuelles.
Cette année, la Nouvelle-Orléans en Louisiane offre à l’Association des Etudes Haïtiennes, pour sa 29e conférence annuelle, un lieu où ses membres pourront tourner leur regard sur la « création d’un peuple » en dehors du cadre géopolitique associé à l’état-nation. En effet, la Révolution haïtienne de 1791-1804 a non seulement forcé l’acquisition de la Louisiane en 1803, mais aussi la migration d’esclaves, de propriétaires, de noirs et de mulâtres libres entre les deux anciens territoires français. Ces déplacements humains ont conduit à l’apparition de nouveaux espaces dans lesquels leurs migrants, liés à une jeune Haïti, s’intégraient dans une nouvelle dynamique nord-américaine caractérisée elle aussi par des inégalités et l’exclusion.
Nous invitons nos membres et les participants à cette conférence à répondre à des questions qui adressent la nature, l’ampleur et les dynamiques de la citoyenneté dans la création du peuple haïtien. Nous aimerions :
- examiner, déconstruire et réfléchir sur le concept des droits ;
- adresser judicieusement les définitions multiples et contestées de la citoyenneté ;
- explorer comment le « droit d’avoir des droits » a évolué en parallèle avec la Nouvelle-Orléans en Louisiane ; et
- questionner l’apparente avance de la Nouvelle-Orléans en Louisiane par des projets en Haïti (le précédent épicentre des luttes pour la liberté) même quand des éléments d’exclusion et des catastrophes environnementales similaires les perturbent toutes les deux (Cyclones Jeanne 2004 et Katrina 2005, tremblement de terre 2010, Matthew 2016).
Finalement, nous voudrions aussi analyser les questions d’altérité, de marginalisation, d’exclusion et de luttes pour l’inclusion dans la « communauté morale de la nation. » Nous désirons explorer comment les citoyens qui ont des droits partiaux ou limités trouvent le moyen de s’affirmer, de réclamer, d’exercer et de redéfinir leurs droits à l’intérieur des conditions existantes créées par de tenaces inégalités structurelles.
Dans l’esprit du thème de cette année, nous nous intéressons à un ensemble diversifié d’interrogations académiques provenant des humanités, sciences sociales et naturelles. Nous recommandons particulièrement des panels bien constitués et donnerons la priorité à ceux qui adressent directement les sujets de la conférence et visent des présentations interdisciplinaires.
Les résumés des propositions pour les panels et tables rondes devront clairement stipuler les titres et les auteurs de chacune des présentations et ne dépasseront pas dépasser 500 mots. Ceux des présentations individuelles s’arrêteront à 250 mots. Les présentateurs devront s’inscrire à la conférence à l’avance pour que leurs noms paraissent dans le programme.
Nous accepterons les propositions jusqu’au 1er juin 2017.
Instructions de participation
Conditions générales pour la soumission
1. Contacts : Pour les panels, tables rondes, présentations, vidéos, exhibitions ou réalisations artistiques, veuillez inclure le nom, l’affiliation et l’email de chacun des participants.
2. Résumé : Pour les présentations, vidéos, exhibitions ou réalisations artistiques individuelles, veuillez soumettre un résumé de 250 mots et de 500 mot pour les panels et tables rondes. Il comprendra :
- Le titre
- La raison, les buts et les objectifs
- La méthodologie, les conclusions et/ou les questions soulevées.
Pour une proposition de panel, veuillez inclure le titre et l’aperçu de chacune des présentations dans la forme de proposition. Les panels seront constitués de trois présentations et d’un(e)Président(e)/Commentat(eur/rice), qui devront être identifiés sur la forme. Les tables rondes seront constituées de quatre participant et d’un(e) Président(e)/Modérat(eur/rice) qui devront aussi être identifiés sur la forme de proposition.
Informations des contacts
Les informations des contacts doivent être inscrits pour tous ceux qui sont enregistrés sur la forme de proposition. Pour les présentations de groupe, veuillez identifier un contact principal qui sera avisé de l’acceptation de la proposition. Dans ce cas, l’HSA ne contactera que les présidents, commentateurs ou modérateurs.
Participation et limitations
L’HSA accueille autant de participants que possible à la conférence. Ainsi, chaque participant ne pourra présenter qu’une seule présentation sur papier. Cependant, un participant peut remplir deux rôles différents– faire une présentation et présider un panel ou faire une communication et participer à une table ronde.
Inscriptions
Les inscriptions seront ouvertes au mois d’août. Tous les présentateurs doivent être membres, s’inscrire et s’acquitter des droits d’inscription au plus tard quinze jours avant la date de la conférence. Si vous n’êtes pas encore membre, nous vous encourageons à joindre l’Association dès que vous aurez envoyé votre proposition.
Processus d’examen et de sélection des propositions
Un examen anonyme des propositions sera conduit par au moins deux examinateurs. Les propositions seront évaluées en fonction de leur qualité et de leur contribution au thème de la conférence.
Avis de décision
La décision concernant l’acceptation des présentations sera annoncée le 15 juillet 2017.
Publication dans le Journal of Haitian Studies
Les manuscrits des résumés et présentations sélectionnées peuvent être soumises pour publication dans le Journal of Haitian Studies (JOHS) à la fin de la conférence. Tous les manuscrits sont évalués et sujets à un processus d’édition avant leur acceptation finale. Ils devront être originaux et ne pas avoir été publiés ailleurs dans un format ou contenu similaire. Pour plus d’information sur le JOHS, veuillez contacter le Dr Claudine Michel à michel@blackstudies.ucsb.edu
Les langues officielles
Les langues officielles de la conférence sont le Français, l’Anglais, et le Créole. Vous pouvez écrire et présenter dans l’une de ces trois langues. Nous n’offrons pas d’interprètes pour les présentations.
Soumettre une proposition
Veuillez vous assurer que votre résumé n’excède pas le maximum (250 mots pour présentation individuelle, 500 mots pour panels et tables rondes). Si votre proposition se réfère à une table ronde ou un panel, veuillez vous assurer que les noms, affiliations, email et résumés de tous les panelistes sont inclus sur cette forme.
Soumettez votre proposition maintenant !
S’il vous faut de plus amples informations sur le processus de soumission de propositions, n’hésitez pas à nous contacter à info@haitianstudies.org.
CALL FOR PAPERS
Haitian Studies Association
29th Annual Conference
HAITI: PARADOXES, CONTRADICTIONS,
INTERSECTIONS IN THE MAKING OF A PEOPLE
Xavier University of Louisiana
Tulane University Roger Thayer Stone Center for Latin American Studies
New Orleans, Louisiana
November 1-4, 2017
The formation of Haiti as a sovereign state and the emergence and evolution of its people and its culture have followed a complex route. Since the birth of the nation of Haiti, multiple hierarchies and interconnected systems of oppression and exclusion have engendered structural inequities with respect to Haitian citizenship. As the society has continued to claim equality and liberty, differentiated and unequal citizenship have actually prevailed, with social, racial, colored, and gendered social groups having different levels of rights of participation and belonging.
Colonial St. Domingue’s socio-political and economic landscape granted unequal access to power and privilege. The Haitian Revolution did not achieve a radical transformation of these unequal relations. Rather, the régime agraire of Toussaint Louverture and the Code Rural of Jean-Pierre Boyer reproduced the patterns of exploitation and exclusion of the slave society. These practices led to the construction of the category moun andeyò–the peasantry, a class of people whose severely limited access to power and resources render them the primary actors in waves of migration and the primary victims of natural disasters. Over time, the moun andeyò concept has been mapped onto other categories of people such as women, the urban poor, practitioners of Vodou, and people of different sexual orientations.
The Haitian Studies Association will hold its 29th Annual Conference in New Orleans, Louisiana, a site that offers scholars a look at how the “making of the people” occurs outside of the geopolitical spaces associated with a nation-state. Indeed, the Haitian Revolution of 1791-1804 forced not only the Louisiana Purchase of 1803, but also the migration of slaves, slave owners, and free blacks and mulattos between the two former French territories. These movements of people led to the creation of new spaces where migrants linked to an emergent Haiti would become part of a new North American dynamic also characterized by inequalities and exclusion.
The questions that the Conference will seek to answer address the nature, scope, and dynamics of citizenship in the making of a Haitian people. We want to
- examine, deconstruct, and reflect on the concept of rights;
- critically engage the multiple and contested meaning of citizenship;
- explore how the “right to have rights” has evolved in parallel in Louisiana/NOLA; and
- observe and assess a paradox, where NOLA finds itself in a contradictory position, sponsoring many development projects in Haiti while similar features of exclusion and environmental catastrophes affect a large segment of its population (Hurricane Jeanne 2004, Hurricane Katrina 2005, Goudou Goudou 2010, and Hurricane Matthew 2016).
Finally, we want also to analyze issues of otherness, marginalization, exclusion, and struggles for inclusion in the “moral community of the nation.” We want to explore how citizens with partial or limited rights find ways to assert, reclaim, exercise, and redefine their rights within existing conditions created by enduring structural inequalities.
We seek a diverse set of scholarly interrogations of these themes from disciplines across the humanities, social sciences, and natural sciences. We are especially interested in fully constituted panels, and will prioritize panels that speak directly to our themes and attempt an interdisciplinary dialogue.
Panel and roundtable proposals are to be no longer than 500 words, clearly listing the individual paper titles and authors. Individual paper abstracts should be around 250 words. Presenters are expected to register for the conference in advance to ensure their names are in the program.
We will be accepting proposals until June 1st, 2017.
Guidelines for Participation
General Submission Requirements
1. Contacts: For panel, roundtable, paper, video, art exhibit, or a performance please include the name, affiliation, and email for each individual participant.
2. Abstract: For individual proposals, videos, art exhibits, and performances, please submit a 250-word abstract and a 500-word summary for panels and roundtables. The overview should include:
- Title
- Purpose, goals, and objectives
- Methodology, conclusions, and/or questions raised
For a panel proposal, please include a title and overview for each paper on the proposal form. Panels should include no more than three papers and a Chair/Discussant, who must be identified on the proposal form. Roundtable proposals should include no more than four participants plus a Chair/Moderator, who must also be identified on the proposal form.
Contact Information
It is essential that the contact information be listed for all those designated in the proposal form. For a group presentation please identify a primary contact person for notification of acceptance. HSA will contact only the Chair/Moderator.
Participation Limitation
HSA welcomes as many people as possible to participate in the conference. Therefore, each participant is limited to one paper presentation. However, a participant can perform two different roles—presenting a paper and chairing a panel, or presenting a paper and participating in a roundtable discussion.
Registration
Registration will begin in August. All presenters must be members of HSA to present, and must register and pay two weeks prior to the conference date to attend. If you are not a member yet, please join when you send your proposal.
Proposal Review and Selection Process
An anonymous review of conference proposals will be conducted by a minimum of two reviewers each. Proposals will be reviewed on the basis of quality and contribution to the theme of the conference.
Notification of Decision
Decision regarding acceptance of presentations will be announced by July 15, 2017.
Publication in the Journal of Haitian Studies
Manuscripts from selected abstracts and presentations can be submitted for publication in the Journal of Haitian Studies (JOHS) at the end of the conference. All manuscripts will be peer-reviewed and subject to an editing process prior to final acceptance. Manuscripts should not have been published elsewhere in similar form with substantially similar content. For information on the JOHS, please contact Dr. Claudine Michel at michel@blackstudies.ucsb.edu .
Official Languages
The official languages of the conference are English, Kreyòl, and French. You may write your paper and present it in one of the three official languages. HSA will not provide translation or interpretation during presentations.
Submit a Proposal
Please ensure your abstract does not exceed maximum (250 words for individuals, 500 for panels and roundtables). If you are submitting a roundtable or panel, please make sure that the names, affiliations, emails, and proposal summaries for all panelists are included on this form.
Submit your proposal NOW!
Should you have questions regarding the proposal submission process, please email info@haitianstudies.org.